Tounad - Sam Fè Yo by nago_tv published on 2019-06-26T21:47:33Z Sam Fè Yo · Tounad ℗ 2019 NSB EMPIRE / NAGO.TV Released on: 2019-06-26 LYRICS « INTRO » Se wè yo pa vle wè mwen Yap fè konplo sou do mwen De pye devan yo ta vle wè mwen Pretem you balèn poum limen poum ka wè sam fè yooooo Chéry Casimir [Verse 3] Konnen byen m se papa Legba se mwen k bay pasaj se la Pou pase sou gran chimen kanpe nan kafou gran simityè m’se Lwa ginen Marasa ma di one pase pran Choukèt St.Nicolas a ti Sole Trase Vèvè rele Wèdo sam fè yo sak anfas mwen mpa pè yo Se gwo nèg Nago devan gason lagè wet chapo Nou se Kouzen nèg anwo sou tèt mòn nan Tounad zèl nan do Nou respire anba dlo Agwe wounyò Immamou Lèlèwo Ayizan Vélékété kap klere Èzili Malachi Hey! rele kéké . Dupré Josué [Chorus] Se wè yo pa vle wè mwen Yap fè konplo sou do mwen De pye devan yo ta vle wè mwen Pretem you balèn poum limen poum ka wè sam fè yo. Sam fè yo(3Fwa) François Makenzy [Verse 3] Se wè yo pa vle wèm mwen map mande sam fè yo Pale yo pa tandem men pi devan ma wè yo Malfèktè k vle barem chak lèm vle vanse Kou fanm ki pa renmenm kap fèm depanse Met pwazon nan mikwom chak lèm vle chante Koum al nan peyanm pou ou wap rete tande Wi mtandem chaje ènemi,mwen mkwè nan talanm mfèk kare fè bri E anfas mwen w fèk kare febli a minwi èdemi wap toujou dèyè nego follow me Lakou Souvnans piti pa bay piyay,siw vle tankoun se aprann pèdi nigth E’n gen tout may yo n’sou tout ray yo nan tout radyo n’boule tout MIC yo. Charles Yavensky [Verse 3] Yo met baryè sou chimen’n mkonn sa kap teke pye’n Trase wanga mkonn sak ta vle pyeje’n Sak te eseye wè gen granmoun nan kay la Dèyè yo’n priye Ade Douwe Danmbala Koz avantou mse mapou m se nèg gran lakou Lèm pa wè devanm mwen rele mèt kafou Èzili Dantò montre’n jan pou’n pare kou Devan sak vle’n tounen dèyè Pandan nap leve twofe yo vle kofre nou Nap veye kote nap met pye nou Yo bezwen fè’n mache ajenou,tout kote’n met chalè kou Agawo R.I.P my neggea Pololo Denissé menm siw pa la nan kè’n wap viv ankò Prensip lan se rete pou lite nan peyi’n men gen plizyè’k tonbe’k pat antò. Dupré Josué [Chorus] Se wè yo pa vle wè mwen Yap fè konplo sou do mwen De pye devan yo ta vle wè mwen Pretem you balèn poum limen poum ka wè sam fè yo. Sam fè yo(3Fwa) Dupré Josué [Bridge] Yo chachem yo chachem jiskaske yo fèm pa di Aho Yo pale yo pale moun yo pale pi mal pase jako Moun yo san konsyans hooo... Lapriyè Bondye pou yo la epanye yoooo… Cator Angelo [Verse 3] Yo mèt pale nan dyòl yo pap rive sou nou sant lan e nan nenw li ye Nou se sòlda’n pa janm pèdi batay nou chaje ak boukliye Nou pran RAP la pou cheval nou mikwo’n se manchèt nou nan nou’w wè Ogou E chak fwaw fin tande nou ou paka pa di e redi o o o o o li gou Tounad pap kraze wooo menm si nou anba trèt yooooo Moun yo san konsyans ooo lapriyè Bondye pou yo la epanye yo. Genre Hip-hop & Rap