Drapo'm Nan (BélO & Friends) by BélOmusic ( BélO / Haiti) published on 2017-05-14T21:19:38Z BélO: Drapo’m nan se koulè san’n ki te koule pou libète Koulè po’m yo pat vle wè komkwa mwen te yon moun dane Darline Desca: Drapo’m nan se pat fasil si ou we jodiya l’ègziste Se gran paran’n ki te kanpe fas alepok pi gwo lame Shishie Drapo’m nan reprezante chanjman listwa limanite Ayiiti S’on bagay drol ou ka wè’l senp poutan lèkstrèman konplike Fatima Drapo’m nan se li kaple lamerik ak le mond antye Ayisyen yo pat aksepte pou moun èsklav okenn kote Geraldo Drapo’m nan soti de pi bèl istwa ki janm ègziste Istwa zansèt nou yo te sakrifye yo pou’n ka libere Shishie Se pa yon fab se p’on roman non plis se pa yon kont de fè Fatima Se prèmye fwa sa te rive se mond lan ki ta pral chanje Chorus Drapo’m se kankou chève mwen Met bal koulè mwen vle vrè koul`w l pap chanje Ble e rouj la se fyète mwen. Mèt fè sa ou vle l ap rete kole anba po mwen Mandela Drapo a pap ka konprann ke jodiya nou divize Wanito Deviz nou “l union fait la force” men malgre sa n’gen prejije BIC Plizye tribi ini fos yo pou libere tout yon ras Poutan nou menm kom desandan nou separe tèt nou an klas Jeanjean Drapo sa ta dwe chanje si se eta sa n ap rete J perry Li pa gen sans pou nou anko tèlman nou wè ke’n pa sanble Mika Drapo’m nan li leu li tan pou reprann plas ou te genyen Menm jan l te ye nan tan lontan pou dahome ak nèg guinen Misty Drapo’m nan tankou soley yo panse k pa tap janm briye Li raple ke mond jodiya se Vertières li te komanse Medjy Drapo’m nan pa enkyète’w menm si ou ta we dèfwa ou blaze Yon jou kan menm fok yo kanpe pou ba’w valè ke ou merite Drapo’m se kankou chève mwen Met bal koulè mwen vle vrè koul`w l pap chanje Ble e rouj la se fyète mwen. Mèt fè sa ou vle l ap rete kole anba po mwen Wanito Li kole anba po mwen Queen Bee Yon joul gen pou rive y ap sispann pase ou anba pye BelO Wa va jwen respe ou merite Jeanjean Y’ap we ou kankou vre senbol libete Drapo’m se kankou chève mwen Met bal koulè mwen vle vrè koul`w l pap chanje Ble e rouj la se fyète mwen. Mèt fè sa ou vle l ap rete kole anba po mwen Li kole anba po mwen Fatima Fyète mwen BélO Li anba po mwen Drapo m se fyètem E m fyè ke m se ayisyen Ayisyanite’m anba po’m Music By : Ali Louissaint Arrangement : BélO Produced by : Azgad Rehuel Massena Piano : Ali Louissaint Recorded at: A'son Studio Mixed by : Azgad Rehuel Massena Mai 2017 Genre BelO Comment by Edrithe Leveille Gro bout chantè 🔥🔥 2023-10-26T21:29:20Z Comment by Marie P... 🇭🇹💙❤️... music ki gen nanm 2023-09-09T13:28:59Z Comment by Le Riche sa yon chef-d'œuvre 🇭🇹 2023-08-22T13:49:47Z Comment by Angel of 😈 I got chills every time i listen to this song😍♥️♥️♥️ 2023-07-07T17:52:49Z Comment by Belgarde Steve Djimitri 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🔥🔥🇭🇹🇭🇹🇭🇹 2023-05-18T12:16:46Z Comment by Djhu Duvelsaint Zoe😭😭😭 2022-05-18T22:39:39Z Comment by Sophia Pigeot 🇭🇹🇭🇹🇭🇹 2022-05-18T17:07:10Z Comment by Maria Desir Haiti, mw sonjew 2021-11-08T12:16:40Z Comment by Morose Kesbert good jod 2021-05-25T00:05:36Z Comment by LOTANTIC CHARDER 🇭🇹🇭🇹🇭🇹 2021-05-13T22:12:05Z Comment by Jblemy mw renmen musique sa anpil 2020-10-07T20:18:46Z Comment by Jerry Henri one of my fav music 2020-08-05T02:48:42Z Comment by DA SMART HAÏTI vreman on tre bel mizik 2020-07-05T14:14:04Z Comment by Kervy Deceus 🔥💯 2020-06-17T01:44:14Z Comment by smithlp123 drapom ap toujou nan kèm 2020-06-14T20:23:23Z Comment by Reginald Baptichon ❤❤🤝 2020-01-09T20:01:41Z Comment by Roberto junior Joseph Milice Good job mes amis 2019-11-16T22:51:50Z Comment by Palnet Thelus good job Belo and yours Friends💖👑 2019-11-12T19:38:41Z Comment by jenny ❤️❤️❤️ 2019-08-06T14:03:26Z Comment by Garoudy Edmond Mwn renmen grenn muzik sa anpil. Bon bagay!!! 2019-07-09T14:23:28Z Comment by Oramah val M tap renmen tout koral sa chante yon mizik pou seleksyon nasyonal la. 2019-07-07T02:01:20Z Comment by Sergelin Rocky Celestin 🔴🔵 2019-06-03T00:31:04Z Comment by jet bel bagay 2019-06-01T22:09:20Z Comment by Juleson J-love Marius bon bagay net j-love 100fou ki dil 2019-05-17T12:14:06Z Comment by dopewus We are zoe🇭🇹🇭🇹 I luv my flag🇭🇹I’m haitian 2019-05-10T18:05:07Z Comment by Rooby Vital 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹 2019-03-05T15:17:55Z Comment by Ronica Louisius I love this song😍😍😍😍😍😍 2018-09-12T13:57:50Z Comment by Michel Joseph The story line behind these songs is very impressive, what would you do for your child. 2018-08-07T17:09:16Z Comment by Glesad Blémur De Map fou pou mizik sa.Mwn pwofite felisite tt atis bay fos yo ak vokal pou mizik sa(vrè Ayisyen parèy mwn)! 2017-09-19T17:11:27Z Comment by bruce lee 123 BélO! once again, you're a living legend. God bless you n all singers. 2017-05-16T01:45:05Z