Leson Listwa Tele A by Smeud published on 2021-12-04T01:49:21Z Mwen wè nou fini pa mete nan tèt nou lakay vwazen an se lakay pa nou, tele vwazen an menm se tele pa nou. Ebyen genlè nou pa janm sonje chache konnen listwa tele vwazen an...? Sa ta dwe enterese nou pou n konnen eske vwazen an te fèt ak tout tele pa l la, oubyen eske se travay li te travay pou fabwike oubyen achte li? Nou pa imajine tele vwazen an p ap janm ka byen pa nou? En, nou bliye vwazen an gen pitit tou li menm...? Se konpòtman sanwont ak ti figi sèlman wi ki ka fè nou pi renmen salon ak tele pa vwazen an pase lakay pa nou an. - Myderson Semeurand Genre Podcast