Guia Akora 3 by Very Larose published on 2020-06-11T13:16:26Z Very Larose Ft. Akora Part. 1 - Akora M’ trè etone pou'm wè se ouk tounen sou bò'm ankò Di'm Ki entansyon'w, chagren tristès ou vin pot ban'm ankò ? So w’ pat santi'w brize'm ase kounya'w vini pou'w fè ti rès la. M gèlè nan dòmi oubyen m twonpen'm di'm non kiyès sa? Kòm sèl fanm sou tè sa, konsa m'te konsidere'w Pandan ou tap fè superstar Ou pat menm pran pitye malgre pou ou m'te fè'w santi M’ap fou Kounya ou vle'm tounen avè'w hein hein cheri menm si m ta sou Kouri kite'm san defans Jus paske mpat ka fè depans Kounya pou'w ap mande chans Eben soufrans yo e te rans Ou te pran nonm paw M pran fanm pa'm Ou gen vi pa'w M gen vi pa'm Ti tan m'genyen an pa menm sifi pou madanm mw donk m'pap ka pataje'l ak ou Ou te pran plezi nan fè'm soufri w'panse w'pa tap pase la tou Di moun jan m konn fè Chen nan pye'w kounya di sak pase a tou Tanpri manman kite'm anpè M'leve chapo'm anlè Jouk rive nan tè Chapo ba pou mw wi manman Chapo ba pou mw wi Refrain – Very Larose Baby Mwen renmen ‘w se vre se vre Men mwen oblije lase M’ te panse ak ou m’ t’ap marye Men tout sa se destine Kite lanati fè sa’l vle Kite lanati fè sa’l vle BB Kite lanati fè sa’l vle Kite lanati fè sa’l vle Part.- 2- Very Larose M’ te pwoteje’w dolote’w tolere’w Menm lè fanmi’m t’ap pale’m mal Paske mwen te eme’w e vle’w M’ te kwè yon jou n’ap antre nan legliz katetral Ou paka pa di sa se pi bèl moman ke ou te pase nan vi’w E as te ba’w tesão ou te di ou fil janm souse bò kou ‘w Mwen te di ou ou ou ou ou Piga’w fè sa ankò Mwen te ba ou ou ou ou ou Rezon se pa paske m anto Refrain – Very Larose Baby Mwen renmen ‘w se vre se vre Men mwen oblije lase M’ te panse ak ou m’ t’ap marye Men tout sa se destine Kite lanati fè sa’l vle Kite lanati fè sa’l vle BB Kite lanati fè sa’l vle Kite lanati fè sa’l vle Part.-3- Akora Se gras ak fanm m’gen kounya k'fè de ou kè'm lespri'm libere Fason li byen jere'm fè'm konn sak rele viv ere Bon ki mele'm mte stil renmen'w Eben m’pi renmen'w ke tèt mwen Pou fason M’ap viv alèz kounya m’pra'l toumante tèt mw. Very larose Lè neg damou li fou li bay menm sa’l pa genyen Li pap plenyen fouye yon kouto nan kòt li frè m Li pap senyen zanmi pale tenten se sèl sal genyen Li pito fè foto mete sou pwofil di a a wi map byen mennen Refrain – Very Larose Baby Mwen renmen ‘w se vre se vre Men mwen oblije lase M’ te panse ak ou m’ t’ap marye Men tout sa se destine Kite lanati fè sa’l vle Kite lanati fè sa’l vle BB Kite lanati fè sa’l vle Kite lanati fè sa’l vle Kite lanati fè sa’l vle Kite lanati fè sa’l vle Kite lanati fè sa’l vle @innatheplace Genre Hip-hop & Rap Comment by Wiaby González 1 2020-06-26T00:00:36Z